HaitEC – Willio Jeanvilma

HaitEC se yon aplikasyon pou telefòn ki montre tout moun, spesyalman Ayisyen yo, aprann pale Anglè ak aprann kode nan langaj tankou Java ak Python, nan lang kreyòl. HaitEC ekri nan lang kreyòl Ayisyen an, sa vle di l’ap fasil pou w’ li ak Konprann. Aplikasyon an gen 2 pati ladann, yon pati Anglè ak yon pati Kodaj. Nan pati Anglè a genyen tradiksyon, pwononsyasyon, tès ak jwèt k’ap ede nou aprann pale anglè a pi rapid. Pati kodaj la gen anpil egzèsis k’ap ede’w pratike tout sa’w te aprann nan langaj pwogramasyon ou te chwazi a.